Skip to main content

An official website of the United States government

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Deklarasyon DHS konsènan sekirite e anfósman pandan siklón Irma

Release Date
Fri, 09/08/2017

WASHINGTON –pandan Siklòn Irma ap apwòch Ozetazini ak teritwa li yo, pi gwo priyorite Ameriken Imigrasyon (ICE) ak US Pwoteksyon (CBP) - jan yo te fé avèk Siklòn Harvey – se pou ankouraje aktivite ki pou sove e soutni la vi moun, sekirite avek evakyasyon moun kap kite zòn ki afekte yo, kenbe lòd piblik, anpeche péd pwopriyete pi piti ke posib, avek rekiperasyon nan rejyon yo rapid ke posib. Nenpòt moun ki rete nan rejyon kote tanpèt sa a ap pase a, dwe swiv enstriksyon nan men ofisyèl kote yo rete a, epi koute nenpòt avètisman sou tanpèt danjere sa a kap apwoche nou an.

Depatman lapolis yo pral pare pou ede nenpòt moun ki bezwen asistans. Nan evakyasyon oswa repons, nou pran angajman pou asire ke nou ka ede otorite lokal yo byen vit ke posib, san pwoblem. DHS pap pran tan sa a pou yo arete moun ki pa fé okinn dezód kriminèl nan zòn ki afekte yo. Nan demann FEMA, otorite lokal, otorite leta, ak DHS pèsonèl yo ap nan zòn ki afekte yo pou fè rechèch ak sekou, sikilasyon an lé ak sekirite misyon piblik. Apwes sovtaj moun, nan reveye Siklòn Irma, estati imigrasyon pap yon faktè, sa vle di yo pap arete moun ki pa ilegal. Sepandan, lwa yo pap sispann, epi nou pral vijilan kont nenpòt efò kriminèl kap kreye dezòd akoz de tanpèt la.

ICE ak CBP ap bay sekirite a tout moun ki nan prizon nou yo, pwoteje yo kónt siklón nan, oswa  lót gwo tanpèt destriktif. Konsa, ICE prizonye yo, nan Sant Detansyon tankou Krome, Monroe County Jail, Broward Transitional Center, ak Sant Detansyon Glades yo pral transfere tanporèman nan plizyè lòt enstalasyon detansyon ki pa nan zón siklòn lan. Si nap transfere prizonye, nap avize avoka ki sou dosye prizonye a. Nou mete ajou online Detainer Locator a, transfè sa yo ap selman pou yon ti tan, se yon transfé tanporé.

Last Modified: Feb 03, 2021